Yon sware inoubliyab nan iZi Connect
Eske sa rive w pou w ap jwi yon bèl moman ak anpil kè kontan mele ak fyète jouk pou rive imòtalize moman sila ak yon foto? Wi, sa rive nou nan iZi Connect.
Nan kòmansman mwa novanm lan, anba tèm ki te Selebre lavi, chak manm kominote a te dwe pataje youn nan pi bèl moman nan lavi yo, ki te imòtalize nan yon foto oswa yon videyo ak tout istwa l. Jou pataj sila, lajwa, lanmou ak fyète te ap debòde nan kè chak grenn manm kominote a. Se te nan fason sa yo te selebre lavi avèk pi bèl souvni chak manm genyen.
Pou papa kominote a, pi bèl moman pa li se te premye jou toune FOLLOW CANTAVE.K yon pwojè li t ap travay sou li depi 2 lane, e ki te fini pa abouti yon jou ki te 8 Me 2022 nan LE VILLATE, plis pase 400 moun te prezan pou te vin gade, ri, amize yo avèk Cantave. Moun yo te kontan e yo t ap chante non l pou yo eksprime kontantman yo ak satisfaksyon yo.
Nely, Willy, Emie, Tanysha, ak Harrie.. yo te pataje pi bèl moman nan lavi yo, se te jou gradyasyon yo, yo te pataje foto ak istwa yo. Malgre anpil sitiyasyon difisil, anpil kriye, aksidan, anpil travèse matisan anba bal, ak divès kalte sousi, yo te konn dekouraje se vre men jamè o gran jamè yo pat abandone objektif yo, yo pat kite dekourajman genyen. E jou sila, se te kontantman nèt ale, se te lajwa ak fyète ki t ap briye nan je e debòde nan kè yo.
Leila te pataje yon foto, se te premye jou staj li, li te fè anpil erè jou sa menm li te aprann de erè sa yo, pou rive jodiya l ap pwogrese nan travay li, Rhébéka bò kote pa l te pataje foto kote li te pran pwomosyon nan travay li, Willy, li menm pataje tou foto premye jou travay li. Yo te fyè de tèt yo anpil jou sa, e yo te resevwa rekonpans tout sakrifis yo ak kè kontan.
Delly te pataje avèk kominote a yon foto ak istwa l, se te pi bèl moman nan lavi l menm si jou 13 Me sa te vin ak soufrans pou li. Aprè 8 mwa gwosès, li te oblije opere pou li kapab sove tèt li ak bebe li te ap pote akòz yon konplikasyon sibit. Jou sa make lavi l e rann li fyè de sa pitit li vin ye jodia.
Pou Carlos ak Sophy, yo pataje foto ak istwa ki raple yo desizyon yo te pran pou demare ak sa yo renmen fè. Avanti Carlos la se te fè epi pataje videyo ki pou motive moun sou rezo sosyo yo. Sophy li menm te kòmanse ak biznis li ki se grafik dizay, fotochout epi ak platfòm pou bay enfo sou spò. Se te avèk kè kontan yo pataje istwa yo, epi yo fè konnen ke yo pa regrèt gwo desizyon yo te pran ki bay lavi yo plis sans.
Christelle te pataje yon foto ki imòtalize youn nan pi bèl moman nan lavi l, kote li t ap fè emisyon pou jèn parèy li, se te pou li yon bagay enkwayab, tèlman li te renmen sa. Sébastien, te chwazi pataje yon ti videyo, ki se youn nan pi bèl e pi gwo moman fyète l, jou sa li tap kòmanse karyè li nan sa li pi renmen an, ki pa lòt pase medya. Sa vinn yon pasyon pou li, pou rive jodia lap pran ekstansyon toujou sitou nan domèn ekriti, sa ki yon sous lajwa nan kè l.
Ange-Milcar te pataje 2 foto ak yon bèl istwa ki kache dèyè yo, youn nan foto yo li te fè l aprè li te sot konpoze nan lekòl li, kote li te konn pase matisan anba bal bandi. Foto sila, pa raple l pi bèl moman nan lavi l okontrè li fè l sonje tout efò li fè. Li fyè de tèt li anpil, paske foto a raple l tout fòs mele ak kouraj li genyen pou rèv li yo.
Christopher te pataje foto tout kalte meday li ranmase nan vi l, nan sa li pi renmen ki se spò baskèt. Foto Hyppolite pataje a, li rele l risk ane 2021, kòz aprè 4 mwa depresyon ak 2 tantativ pou fini ak lavi, li te arive dekwoche yon sètifika nan evenmansyèl. Se yon foto chak lè li wè l, li fè l konnen li chaje ak kouraj e li fyè de sa anpil. Numa te pataje yon foto, ki daprè li trennen tout istwa lavi l dèyè l. Foto sila fè l sonje fòs li, angajman l ak detèminasyon li genyen pou li kontinye vanse kèlkeswa difikilte li ta rankontre sou chimen lavi l. Pataj istwa ak foto yo te anpil, yo te enspiran, motivan e kaptivan, yo fè chak grenn manm nan kominote a sonje konbyen yo gen fòs, konbyen yo kapab, konbyen kouraj yo genyen e fè yo sonje tou sa yo deja reyalize nan lavi yo.
Listwa Gaensly, Jessica, Kate, Emmanuel, Jawincia kote yo te chwazi swiv pasyon yo, ki kounya ap trase wout pou yo… menm jan ak Yan-Scarlie, Harryson, Gaby, David, Stanley, epi Marshall Jesse. Istwa Nely kote li te pran inisyativ pou pote èd bay plis pase 400 moun nan Kanperen an Out 2021, istwa Gaëlle ak mentee li yo epi epòk li tap viv ak grann li ki se yon bèl souvni pou li. Tout bèl istwa sa yo, se ak kè kontan chak manm nan kominote an te rale ti chèz ba yo, pou yo chita tande e aprann de yo.
Chak grenn foto ak istwa l te chaje ak lanmou, lajwa, fyète, pasyon, vi, motivasyon, detèminasyon. E istwa sa yo te defini kisa siksè ye vrèman. Pi bèl moman chak manm kominote iZi Connect, te sansasyonèl, yo te eksitan, yo te menm gen gou letènite e yo te agreyab pou zorèy kominote a. Chak moun ki te patisipe sonje sa yo te akonpli, fòs ak kouraj yo te genyen pou yo akonpli yo, yo sonje tou lajwa melanje ak fyète yo te santi nan moman sa, yon moman yo pap janm ka bliye nan lavi yo.
Kominote a nan ansanm li, te felisite chak grenn moun ki te pataje istwa l avè l, fè konnen ke li fyè de yo, e li ankouraje yo pou yo avanse, li te di yo kontinye, e yo ka bouke pi douvan men pou yo pa lage, repoze epi avanse pou pi rèd. Chak grenn moun ki rakonte yon istwa e ki pataje yon foto nan objektif pou yo te selebre lavi yo, yo gen pou yo reyalize bagay ki pi bon. Yo gen pou yo viv bagay ki pi gran pase sa yo viv deja nan vi yo. E mèt lavi a ap drese yon tapi wouj pou akeyi yo e rekonpanse pou tout sakrifis yap konsanti jodia. Kominote ap fè yo konnen ke : VIV DWE EKSITAN.
Lanmou, fyète, lajwa, pap janm sispann fè limyè yo jayi nan kominote iZi Connect lan.
Hen Marlahel Beverlie JOASIL
iZi Enfliyansèz
🔥🔥❤❤
RépondreSupprimer😍😍😍good
RépondreSupprimer