Libète pou lòm oubyen pou moun?
Deklarasyon inivèsèl dwa lòm nan fayi ak misyon l si nou konsidere tout vyolans fanm ap sibi nan sosyete a. Poukisa vyolans sa yo? Deklarasyon a pale de libète moun, kisa fanm ye?
Nan mond n ap viv la, yo toujou konsidere fanm enferyè ak gason pou plizyè rezon. Premye rezon an se kisa? Nan ane 1959 gen yon gwoup chèchè ki dekouvri nan 46 kwomozom nou genyen nan selil yo, genyen 2 ki lye ak sèks moun nan. Lakay mesye yo nou jwenn yon kwomozom X ak yon kwomozom Y poutan lakay medam yo nou jwenn 2 kwomozom. Diferans la pa rete nan kesyon molekil sèlman. Fòk nou di w tou, aparèy jenital chak èt vivan sa yo pral pwodui pwòp òmon pa yo. Pou mesye yo se andwogèn, pou fi yo se estwojèn.
Lòt rezon an se sosyete a ki kreye l. Nan tan ansyen yo, avan moun yo te konnen gen yon Bondye, yo te konn venere tout sa ki gen rapò ak lanati. Yo te wè fanm nan tankou yon dye paske li bay lavi. Men pi devan, lè lèzom pral pratike monoteyis, yo pral vin met fanm sou kote. Lè sa lèzom pral met nan tèt yo, Bondye sa se yon nonm. Pawòl sakre ki soti nan Bondye sa a pral di « fi a dwe soumèt ak Mari l ». Fanm pral gen responsabilite pou li ret nan kay, fè travay, pran swen mari l ak pitit li. Yo pa t menm gen dwa pou yo ale lekòl. Se jis nan ane 1850, kèk peyi pral kòmanse dakò pou yo ba yo mòso ledikasyon. Pita nan ane 1944, jeneral Gaulle pral otorize fanm nan peyi Lafrans yo vote. Nan peyi nou, Ayiti, se nan ane 1950, yo pral dakò fi vote. Ou ta bat bravo? Gen pwogrè, pa vre? Fi resi jwenn plas yo nan sosyete a, men non ! Jouk jounen jodi a, yo kontinye ap sibi vyolans sou tout fòm nan sosyete a. Poukisa?
Nan sosyete nou an sitou nan fwaye yo, depi genyen ti kont nou souvan remake medam yo viktim de zak malonèt e sosyete a li menm vle fè sa pase kòm yon bagay ki nòmal, se kòmsi li akseptab depi madanm nan fè mari l yon bagay li gen dwa pou l fè nenpòt tip vyolans sou li. Li kapab moral ki se di l vye mo sal oubyen fizik nan ba l kou tout kote, blese l, elatriye. Anpil moun wè l, yo konnen l, yo prefere viv avè l pase pou yo denonse l. Pafwa menm polisye ki la pou pwoteje ak sèvi popilasyon an konn yo menm tou rive komèt vye zak sa yo. Nou plen egzanp nan sosyete n nan ki ka jistifye sa. Majorite nan yo fè silans paske yo konnen si yo pale, pa gen jistis vrèman yo pral jwenn okontrè sa ap koute yo chè.
Pandan tan sa, chak ane yo rezève 10 jou swa 25 Novanm pou rive 10 Desanm nan ane a pou yo reflechi sou vyolans sou fanm ki chita sou feblès yo paske yo se fanm. Anpil òganizasyon fanm yo kit an Ayiti oubyen aletranje toujou fè yon ti bat-bouch sou sujè a. Men, a kisa, gwo rankont yo pral abouti? Eske, aprè chak ane, aprè ti moman refleksyon sa, vyolans sou fanm nan sispann? Yon seri kesyon nou p ap janm ka reponn. Pou n jwenn rezilta. Sa mande yon konsyantizasyon ki pwofon, pou moun yo sispann maltrete medam yo. E medam yo tou dwe konnen kisa yo dwe fè ak pa fè tou pou yo pa viktim de vye zak sa yo.
Judelie ANTOINE
iZi Enfliyansèz
Commentaires
Enregistrer un commentaire