3 Strateji senp pou atenn objektif ou genyen pou ane sa.


Li vèsyon an anglè atik la…

Chak kòmansman yon ane, gen anpil moun ki toujou swa fè yon lis kèk objektik yo fikse tèt yo oubyen yo kole yon bann imaj ki gen rapò ak objektif sa yo nan yon tablo, yo souvan rele : tablo vizyalizasyon. 2 metòd sa yo trè itil nan zafè reyalize objektif men gen anpil lòt bagay nou dwe pran ankont tankou : konsistans, disiplin ak strateji. E se sou dènye aspè a n ap met plis aksan nan atik sila a kote n ap fè w dekouvri 3 ladan yo.


  1.  Chèche konn POUKISA .

Lis objektif pifò moun toujou pati konsa :

  • Pèdi pwa 

  • Aprann yon nouvo bagay

  • Li 10 liv 

  • Fè ekonomi 

Objektif sa yo bon e yo enpòtan anpil pou moun pran men li pi enpòtan pou nou konn poukisa n ap pran yo , yon fason pou n ka pi fokis, pou nenpòt obstak pa fè n bay vag. Pa egzanp, olye ou annik ekri : Pèdi pwa. Ekri pito : Mwen ta renmen pèdi pwa pou m ka santi m pi alèz lè m al nan lanmè. Oubyen olye ou annik di li 10 liv, di pito m ta renmen li 10 liv pou m ka gen plis konesans sou divès kalite sijè. 

Pwochèn fwa w ap ekri yon objektif, itilize yon fraz konsa : « M ta renmen __________ pou m ka ___________________. 


  1. Defini yon metòd efikas pou reyalize objektif ou .


Gen yon metòd anpil pwofesyonèl itilize nan divès domèn ki rele an  anglè : SMART goals. SMART se yon akwonim ki siyifi :

S : spesifik

M : mezirab ( ou ka mezire)

A : atenyab ( ou ka atenn)

R : reyalizab ( ou ka reyalize)

T : tanporèl (ki fikse nan yon tan)

Metòd sa pèmèt objektif nou yo pi klè epi pi fasil pou reyalize. Ou ka itilize metòd sa nan objektif ou fiske pou ane a, yon fason ou ka fè sa , se lè ou fè objektif ou yo vin pi fasil pou atenn oubyen pou reyalize lè  omwen ou fè yon aksyon chak jou pou reyalize yo. Epi olye ou fikse tout pou ane a , ou divize yo nan yon peryòd 90 jou. Pa egzanp : mwen vle pèdi 2 kilo chak mwa pandan 3 premye mwa nan ane a. 

Oubyen mwen vle li 5 paj chak jou. 


  1. Antoure w oubyen kolabore ak moun ki gen menm objektif avè w. 

Chèche fè zanmi , entegre yon klèb, yon asosiyasyon, yon òganizasyon ki ka ede w reyalize objektif ou yo. Si se pwa ou vle pèdi, zanmi ak yon moun ki vle menm bagay la tou e ki pa pral fawouche w men okontrè k ap ankouraje w. Si se plis liv ou vle li, entegre yon klèb lekti kote w ap jwenn anpil moun ki renmen li e ki ap pouse w li plis. Nenpòt objektif ou ta genyen, chèche moun ki panse menm jan ak ou , k ap chèche menm bagay ak ou ki ka bouste w pou w reyalize yo, pou pa santi w poukò w ni pou w pa santi objektif ou yo twò gwo.

Strateji sa yo senp men li enpòtan anpil pou aplike yo pandan tout yon ane pou ka jwenn bon rezilta w ap chèche toutbon an. Nou espere w ap itilize yo e nou swete pou chimen w ap pran pou reyisi ane a pote byenfyè tankou kè kontan ak anpil fyète pou ou .


Schaëlda P. JOSEPH
iZi Influenceuse

Commentaires

Articles les plus consultés