Annou fè yon ti pale sou « Konkou Ekriti iZi Taba »
Li toujou bon pou nou jwenn yon mwayen pou nou degaje sa nou santi, sa ki ap wonje nou. Sitou nan moman sa yo, gen kèk bagay ke nou ap sibi ki rete anndan nou, ki pa rive soti. Lè sa a, sa ka koze anpil lòt bagay tankou swisid ak pèdi bon sans. Nan sousi pou defann sa yo, iZi Taba te bay chans ak manb li yo pou vide yo nan yon tèks.
Yon manm nan iZi Taba ki se Esther Josiane Mathelier, te parèt ak lide sa ki se « Konkou Ekriti iZi Taba » pou regwoupman Taba an. Nan fason pou ede kèk moun degaje sa yo santi, sitou sila ki pa sispann viktim nan sistèm nou ap viv lan. Li te rive pataje lide sa ak rès manm nan komite a e yo te santi sa te ka pote yon bon fwi. Rapid vit yo te tou pataje sa avèk tout regwoupman an kote ke yo menm tou te resevwa sa ak kè ouvè.
San pèdi tan, yo kòmanse travay sou inisyativ la, ki vin fè se nan dat ki te 8 mas la yo lanse li e 5 manm te dakò patisipe ladann. Yo chak te dwe fè reklam pou tèt yo, nan fason pou yo te ka jwenn plis moun vote yo paske sa te konte nan konkou a tou. Aprè premye faz la, 2 konkiran te ale pandan lot 3 yo tap kontinye goumen pou rive nan final. Daprè jij yo, tèks 2 konkiran ki ale yo te rive sou yo, se pito akoz yo pat gen ase vòt ki te rann yo oblije kite kous la. Sa ki vin fè nou konprann ke tout konkiran yo te kapab.
Marie Jersey Money, Sébastien Rochefort ak Woodiana Paulina, se te 3 konkiran sa yo ki te rete pou rive nan final. Nan jou ki te 15 avril la, final la te rive fèt. Yon final ki te rive sou anpil moun kote ke 3 konkiran yo te gen pou yo esplike tèks yo a, e di poukisa yo te ekri li. Aprè analiz mamb jiri yo, Sébastien Rochefort te rive pran premye pri a ; Woodiana Paulina, dezyèm pri a; Marie Jersey Money te genyen twazyèm plas la. E yo te fikse yon dat pou responsab yo te remèt pri a chak finalis yo ak yon meday ki senbòl fòs ak volonte ke yo te genyen.
Daprè yon ti kout dyalog nou te gen ak Direktè jeneral iZi Taba a, Montreuil Sénat, yo te jwenn kèk enkonvenyan men sa pat fè yo febli ak anyen, yo te kontinye ap gonfle venn yo pou yo rive reyalize konkenchenn konkou sa. Tout manm yo te mete men ansanm nan pat la pou yo te abouti ak inisyativ sila, sa ta vle di ke se sa ki reprezante fòs yo (men ansanm). Pou manb nan iZi Taba yo ak kèk manm nan lòt regwoupman, inisyativ lan te bèl e li te reyisi. Men sa pap rete la paske yo panse a òganize konkou sa chak lane.
Pou Marie Jersey Mornay ki se twazyèm finalis nan konkou a, se te yon bèl avanti e se sa ki te pèmèt li te gen chans aprann ekri, e li te avwe nou ke se te premye fwa li patisipe nan yon konkou. Li fè konnen menm si li pa nan premye plas la, men konkou a te fè yon gwo travay nan li, li te ede li vide li de tout sa li te sibi nan peryòd la. « Map konseye nou patisipe, paske mwen panse se ap yon bèl eksperyans pou nou jan sa te ye pou mwen, li ka menm pi bèl toujou, nap kapab pataje sa nou panse e aprann. E menm moun ki poko janm eseye ekri yo mwen ap konseye nou tante chans nou paske nou ka dekouvri yon talan lakay nou ke nou pat konnen. » se te konsèy Marie Jersey Mornay.
Nan yon ti tan ki pa twò long, enskripsyon yo ap lanse pou dezyèm edisyon « Konkou Ekriti iZi Taba ». Yo pap sèlman pran moun nan iZi Taba a, men kad lan ouvè ak tout lòt moun ki nan lòt regwoupman ki vle patisipe. Alò ou menm ki vle rantre nan avanti sa iZi Taba ap tann ou bra louvri.
Mirnalie Geffrard
Commentaires
Enregistrer un commentaire