Kisa ki yon relasyon toksik e kòman ou ka soti ladann ?
Jwenn lanmou bèl se vre, men lè ou tonbe sou yon move moun, ou ka mande Bondye sa w fè w ap peye. Souvan nou tande moun di « Mwen nan yon relasyon ki twòp pou mwen », « moun nan toksik pou mwen » oubyen « zanmi mwen an ap viv yon relasyon ki toksik. » Pafwa, ou menm tou nan yon relasyon toksik, ou pa menm rann ou kont li konsa. Malgre tout sa moun di w, ou toujou pa kwè, ou pa tande, ou pa wè, se moun sa menm ou vle. Eben, ann al dekouvri ansanm kisa ki yon relasyon toksik, kòman ou ka konnen lè yon relasyon konsa, epi kòman ou ka fè pou soti ladan l.
Yon relasyon toksik ka pwofesyonèl, amourez, familyal, oubyen amikal. Men jan nou ka wè l, nan atik sa nou ap plis baze nou sou relasyon amourez toksik.
Yon relasyon toksik se lè youn nan moun yo toksik. Nan ka sa, gen yon moun ki ap domine epi lòt moun nan ap sibi. Alòs, kijan ou ka konnen yon moun toksik ?
Yon moun toksik se lè li vle kontwole tout lavi ou. Li pa ba ou espas pou w regle anyen pèsonèlman, li anpeche ou evolye nan tout aspè nan lavi w yon fason pou w toujou depann de li. Li toujou ap manipile ou, toujou ap denigre ou (manjew san gou, ou mal abiye, vant ou gwo, tèt ou kwòt, pye w defòme, ak lòt bagay), toujou vle mete bezwen li yo anvan pa w yo, li toujou vle montre ke se yon favè ki fè l avèk ou. Li pa ba w lanmou ou merite, li anpeche ou gen zanmi, li ka menm anpeche ou pran kontak ak fanmi w. Li izole ou nan lide pou yon moun pa apwoche ou, e ka menm fè w pa pran konsyans de sitiyasyon ou ye an. Li vrèman posesif e egoyis (tout sa ki enpòtan pou li se pou satisfè bezwen li yo). Pafwa, moun sa yo ka vyolan anpil. Sa ka mennen li leve men sou ou, menm si ou di l ou pa sou sa li ka vyole w. Li toujou ap fè w chantaj, souvan li ka menm fè w pase pou yon move moun nan je tout moun nan antouraj ou, e pran plas viktim nan.
Ou menm ki ap sibi tout sa yo, ou kòmanse pè moun sa. Sa fè w santi w pa epanouyi, ou manke viv yon lavi lib ak pran plezi nan moun sa a ki nan lavi w la. Estim ou bese anpil, ou santi pa gen kominikasyon oubyen ou pa gen lòt moun nan lavi ou paske ou jis la pou koute ak egzekite lòd li.
Tout vye konpòtman sa yo genyen gwo enpak negatif sou sante fizik ak mantal ou. Men kòman ou ka soti nan yon relasyon toksik ?
Se yon bagay ki prèske enposib pou w chanje yon moun ki toksik. Alòs, pa bezwen kwè lè li di w li pral chanje, sa ka manipilasyon. Sa ka pran yon semèn oswa yon mwa. Men aprè, sa ka pi mal. Pou yon moun soti nan yon relasyon toksik, li enpòtan pou moun sa pran konsyans de sitiyasyon li ap viv lan, pou li pran kouraj ak kòmanse pran prekosyon epi poze aksyon. Sa ka enkli pran distans, (lè ou pran distans, li pèmèt ou reflechi sou tèt ou, pou w konnen kisa ou vle nan yon relasyon ak kijan ou vle viv. Li kapab yon opòtinite pou ou fè konesans ak tèt ou pi byen.), aprann viv san moun sa, ak chèche sipò nan men yon spesyalis nan sante mantal ki kapab ede w soti nan relasyon sa epi ede ou remonte pant sila.
Pou konkli, soti nan yon relasyon toksik kapab yon desizyon ki difisil ak douloure, men se yon demach ki kapab pote bonè ak byenèt nan lavi ou pi devan. Pa bliye, chak moun merite yon relasyon ki bati sou lanmou, respè, ak sipò youn pou lòt.
Esther J. Mathelier



💯
RépondreSupprimerTout moun ta dwe li atik sa.👏👏
RépondreSupprimer